Here is the text we could read:
AVI POU MOUN KI FE PLENT LAN * KONSÈNAN ENTÈDIKSYON POU PREVANSYON KONT
ABI (RESTRIKSYON).
A A SE ENFÒMASYON KI KONSÈNE ENTÈDIKSYON POU FÈ ABI KI KA EDE OU
KONPRANN KONDISYON ENTÈDIKSYON AN. TANPRI LI ENTÈDIKSYON AN AVÈK ANPIL
ATANSYON.
Yon entèdiksyon se yon lòd tribinal bay. Sa vle di se yon jij SÈLMAN ki kapab chanje lòd la. Ou PA
KAPAB ni chanje lòd la ni mete yon pwen final ladan san ou pa retounen nan tribinal la. Menmsi ou
mande, dakò oswa kite akize a** fè bagay lòd entèdi, akize a ap vyole entèdiksyon an epi lapolis ap
arete li menmsi ou pa vle sa rive.
on entèdiksyon se yon lòd sivil men yon vyolasyon lòd la se yon zak kriminèl. Si ou kwè akize a vyole
lòd la, ou ta dwe rapòte vyolasyon an bay lapolis. Si lajistis jwenn yon akize koupab poutèt li vyole yon
entèdiksyon, li kapab ale nan prizon pou apeprè 2 ½ ane epi/oswa yo ka mete li sou pwobasyon. Yon
kondanasyon kriminèl (menm yon kontinyasyon san yon rezilta) kapab (pami lòt bagay yo) afekte
posiblite akize a pou jwenn travay, lojman piblik, oswa sitwayènte, oswa li ka anba depòtasyon. Si
lapolis obsève yon vyolasyon yon entèdiksyon oswa si yo gen rezon valab pou kwè akize a vyole
entèdiksyon an, lapolis gen obligasyon pou arete akize a.
i akize a resevwa lòd pou pa fè abi sou ou, sa vle di:
• Akize a pa kapab ni fè abi fizik sou ou ni menase ou.
• Akize a pa kapab fè anyen k ap ba ou rezon pou pè poutèt akize a ta ka lakòz domaj fizik sou ou.
• Akize a pa dwe itilize lafòs oswa li pa dwe fè okenn kalite menas pou fè ou fè bagay avèk li san ou
pa vle.
i akize a resevwa lòd pou pa pran kontak avèk ou, sa vle di:
• Akize a pa kapab viv avèk ou.
• Akize a dwe rete sou yon distans anpil pye oswa yad avèk ou. Dat la endike nan lòd la.
• Akize a pa kapab kontakte ou nan okenn fason. Sa gen ladan, men pa sèlman, koutfil, mesaj nan
tèks, imèl, kat, ak kado. Akize a pa ka itilize zanmi, manm fanmi (ansanm ak timoun), vwazen, oswa
nenpòt lòt moun pou kontakte moun ki pote plent lan, oswa li pa ka oswa afiche mesaj sou
Facebook, Twitter, SnapChat, LinkedIn, oswa nenpòt lòt sitwèb medya sosyal, sèlsi li gen pèmisyon
espesyal nan entèdiksyon an.
• Si akize a yon kote epi ou vini nan menm kote a, akize a dwe kite kote a san pèdi tan, menmsi akize
a te la anvan.
i akize a resevwa lòd pou kite yon kay, sa vle di:
• Akize a dwe kite kay la imedyatman epitou li dwe rete lwen adrès la pandan lòd la anvigè. Akize a
dwe rete lwen adrès la menmsi ou pa la. Si kay la se yon apatman, akize a ka resevwa lòd pou rete
lwen tout bilding nan, menmsi kontra lwaye a se sou non akize a.
• Akize a pa kapab fè domaj nan kay la nan okenn fason.
• Akize a pa kapab sispann sèvis piblik yo ni deranje livrezon kourye pou ou. Lòd sa yo aplike menmsi
kontra lwaye a ak/oswa sèvis piblik yo sou non akize a.
i akize a resevwa lòd pou rete lwen travay ou, sa vle di:
* Moun ki pote plent lan se moun ki te mande tribinal la pou bay lòd la.
** Akize a se moun yo bay entèdiksyon an kont li.
A-16 (8/14) Notice to Plaintiff Regarding Abuse Prevention (Restraining) Order – Haitian Creole (08/14)
S
Y
S
S
•
S
S
F
• Akize a dwe rete lwen kote w ap travay la pandan tout tan lòd la anvigè. Akize a dwe rete lwen
adrès la menmsi ou pa la nan moman an.
i akize a resevwa lòd pou remèt zam-pou-tire, sa vle di:
• Akize a dwe imedyatman transfere nenpòt zam-pou-tire, minisyon, lisans pou gen zam-pou-tire,
oswa kat idantifikasyon zam-pou-tire akize a genyen nan depatman lapolis ki endike nan lòd la.
• Akize a pa ka achte okenn zam-pou-tire ni minisyon pandan lòd la anvigè.
i tribinal la te ba ou pèmisyon pou viv avèk timoun yo, sa vle di:
• Timoun yo ap viv avèk ou sof si oswa jouk lè yon jij chanje lòd la.
Si akize a resevwa lòd pou pa pran kontak avèk timoun yo, sa vle di:
• Akize a dwe rete sou yon distans anpil pye oswa yad avèk timoun yo. Distans la endike nan lòd la.
Akize a pa kapab gen kontak avèk timoun yo pandan lòd entèdiksyon an anvigè, sof si epi jiskaske
Tribinal Siksesyon ak Titèl ak Fanmi bay pèmisyon pou akize a pran kontak avèk timoun yo.
• Lòd la ka endike akize a dwe rete sou yon distans ki gen yon kantite pye oswa yad espesifik avèk
lekòl oswa gadri yon timoun.
• Si akize a gen pèmisyon pou gen kontak avèk timoun yo men pa avèk ou, epi si timoun yo ap viv
avèk ou, akize a dwe pale avèk timoun yo sèlman.
• Si, apre ou resevwa yon lòt nan Tribinal Distri a, Tribinal Minisipal Boston, oswa Tribinal Siperyè,
oumenm ak akize a ale nan Tribinal Siksesyon ak Titèl ak Fanmi sou yon dosye fanmi, yon jij
Tribinal Siksesyon ak Titèl ak Fanmi gen otorizasyon pou chanje entèdiksyon an oswa menm pou
mete yon pwen final ladan si li nesesè pou elimine nenpòt konfli ant entèdiksyon an ak lòd yo bay
nan zafè Tribinal Siksesyon ak Titèl ak Fanmi. Pa egzanp, si yon jij Tribinal Siksesyon ak Titèl ak
Fanmi akòde yon tan pou paran edike timoun yo, lè sa a jij Tribinal Siksesyon, Titèl ak Fanmi kapab
chanje dispozisyon “pou pa pran kontak” nan entèdiksyon an pou bay tan pou paran yo edike
timoun yo, epitou li kapab chanje dispozisyon pou “kanpe lwen” tou nan entèdiksyon an pou bay
tan espesyal pou vin chèche epi retounen timoun yo. Tout lòt pati entèdiksyon an ki pa nan konfli
avèk lòd tribinal Siksesyon ak titèl ak Fanmi dwe rete anvigè.
AGAY KI ENPÒTAN POU KONNEN:
Si ou te resevwa yon entèdiksyon pou yon sèl moun (youn yon jij ki nan Tribinal la bay san preyavi
akize a), lòd la ap anvigè pou pa plis pase dis (10) jou. Dat pou pwochen odyans tribinal la endike nan
dezyèm paj entèdiksyon an. Non ak kote tribinal ki te bay entèdiksyon an endike nan kwen anlè adwat
entèdiksyon an. Lapolis ap bay akize a yon kopi lòd pou yon sèl moun nan. Pandan odyans lan, jij la ap
koute prèv de moun ki konsène yo prezante epitou l ap deside si entèdiksyon an ta dwe kontinye nan
fòm li ye nan moman an, si li ta dwe chanje nan kèk fason, oswa si li ta dwe sispann (fini).
i ou pa vini nan pwochen odyans lan, jij la ap sispann lòd (mete yon mwen final ladan) a 4 p.m. nan jou
odyans lan. Si akize a pa vini nan odyans lan, men ou vini, Tribinal la ka pwolonje entèdiksyon an pou
apeprè yon ane.
i ou vle chanje oswa mete yon pwen final nan entèdiksyon an apre tribinal la te bay li, ou kapab ale nan tribinal
ki te bay entèdiksyon an pou mande jij la pou li fè kèk chanjman oswa pou li mete yon pwen final nan lòd la.
Anjeneral, tribinal yo louvri lendi jiska vandredi ant 8:30 a.m. ak 4:30 p.m. Si ou vle retire kèk nan restriksyon yo
sou akize a, jij la ka tande ou touswit, oswa jij la ka fikse yon dat pou yon odyans sou demann ou epi pou fè akize
a konnen dat odyans lan. Si ou vle gen pi gwo restriksyon sou akize a paske te gen yon chanjman nan sikonstans
yo, jij la ka tande ou touswit si gen yon nesesite pou yon odyans imedyat, oswa jij la ka fikse yon dat pou yon
odyans epi pou fè akize a konnen dat odyans lan. Anplwaye tribinal la ki nan biwo Grefye a oswa Rejis la ap fè ou
konnen si y ap voye avi bay akize a pou fè li konnen pwochen dat odyans lan oswa si ou gen pou voye avi bay
akize a pou fè li konnen dat odyans lan.
S
S
B
S
S
F
A-16 (8/14) Notice to Plaintiff Regarding Abuse Prevention (Restraining) Order – Haitian Creole (08/14)