Here is the text we could read:
Ou dwe ranpli fòm sa a an Anglè. Si li nesesè, ou ta dwe cheche èd pou'w ranpli fòm sa a an Anglè.
WAIVER OF DEFENDANT'S RIGHTS
RENONSYASYON DWA AKIZE
DOCKET NUMBER
NIMEWO DOSYE
Trial Court of Massachusetts
The Superior Court
Tribinal Premye Enstans
Massachusetts Tribinal Siperyè
CASE NAM/NON AFÈ A E
VS./KONT.
Clerk of Courts/Grefye Tribinal yo/
County/Konte
COURT NAME & ADDRESS
NON AK ADRÈS TRIBINAL LA
I have discussed the above case(s) with my attorney. I understand that by entering a plea of guilty, I will be giving up the following constitutional
and statutory rights: to a trial by a jury or to a trial before a judge; to confront and cross-examine witnesses; to call my own witnesses and present
evidence in my defense; to remain silent and assert my privilege against self-incrimination; to be presumed innocent until proven guilty beyond a
reasonable doubt; and to pursue any motions in my case and to appeal any rulings already made by the Court on any motions to dismiss or
suppress.
Mwen te diskite sou afè ki endike anwo a (yo) avèk avoka mwen. Mwen konprann depi mwen rekonèt mwen koupab, m ap renonse dwa
konstitisyonèl mwen ak dwa legal mwen yo: pou yon pwosè avèk yon jiri oswa pou yon pwosè devan yon jij; pou defye ak kont-entèwoje temwen
yo; pou rele temwen pa mwen yo epi pou prezante prèv nan defans mwen; pou mwen rete an silans epitou pou mwen revandike privilèj mwen
kont oto-enkriminasyon; pou yo konsidere mwen kòm inosan jouk lè yo pwouve mwen koupab san okenn dout rezonab; epitou pou mwen
pouswiv nenpòt mosyon nan afè mwen an epi pou mwen konteste nenpòt desizyon Tribinal la pran sou nenpòt mosyon pou anile oswa pou
siprime.
I have been advised by my attorney of the nature and elements of the charge(s) to which I am entering my guilty plea, and of the nature and range
of the possible sentence(s) on the charge(s), including the maximum possible sentence(s), any mandatory minimum sentence(s) that might be
applicable, the consequences if probation is imposed and conditions are violated, and any different or additional punishment for subsequent
offenses.
Avoka mwen te fè mwen konnen kalite ak eleman akizasyon (yo) mwen rekonèt mwen koupab pou yo, ak kalite ak degre posib santans ki sou
akizasyon (yo), tankou santans maksimòm posib (yo), nenpòt santans minimòm obligatwa ki ta anvigè, konsekans yo si tribinal la enpoze
pwobasyon ak si mwen vyole kondisyon yo, epitou nenpòt pinisyon diferan oswa pinisyon siplemantè pou zak mwen ta fè annapre.
[CHECK IF APPLICABLE] I have been advised of the habitual offender law and of the consequences of pleading guilty to the
present charges.
[KOCHE KAZ LA SI LI APLIKE] Yo te fè mwen konnen lwa kont delenkan residivis ak konsekans ki genyen lè mwen rekonèt
mwen koupab pou akizasyon sa yo.
[CHECK IF APPLICABLE] I have been advised that by pleading guilty to the present charges, I may be subject to
adjudication as a sexually dangerous person and required to register as a sex offender.
[KOCHE KAZ LA SI LI APLIKE] Yo te fè mwen konnen lè mwen rekonèt mwen koupab pou zak sa yo, mwen ka anba jijman
kòm yon moun danjere sou plan seksyèl epitou mwen ka gen obligasyon pou anrejistre non mwen kòm yon delenkan seksyèl.
I have been advised of the recommendation on sentencing to be made by the Prosecution.
Yo te fè mwen konnen rekòmandasyon sou santans Ministè Piblik la fè a.
My guilty plea is not the result of force, threats, assurance or promises. I have decided to plead guilty voluntarily, willingly, and freely, rather than at
the direction of or because of the recommendation of any other person.
Rekonesans kilpabilite mwen se pa rezilta lafòs, menas, garanti oswa pwomès. Mwen te deside rekonèt mwen koupab avèk volonte mwen, paske
mwen te vle, epitou libelibè, olye se sou direksyon oswa akòz rekòmandasyon yon lòt moun.
I am satisfied that my defense attorney has represented me in an effective and competent manner. I have had enough time to speak with
him/her regarding any possible defenses I may have to the above charges, and he/she has explained the consequences of my pleading guilty,
and the waiver of any constitutional or statutory rights.
Mwen satisfè paske avoka defans mwen reprezante mwen nan yon mannyè ki efikas ak konpetan. Mwen te jwenn ase tan pou pale avèk li
konsènan nenpòt defans posib mwen ka genyen pou akizasyon ki endike anwo a, epitou li te eksplike mwen konsekans yo pou rekonesans
kilpabilite mwen, ak renonsyasyon nenpòt dwa konstitisyonèl oswa dwa legal.
Waiver of Defendant's Rights – English - Haitian Creole (02/16)
I am not now on, or under the influence of, any drug, medication, liquor or other intoxicant or depressant that would impair my ability to fully
understand the constitutional and statutory rights that I am waiving when I plead guilty.
Mwen pa sou oswa anba enfliyans nenpòt dwòg, medikaman, alkòl oswa lòt sibstans toksik oswa medikaman kalman ki ta afebli
konpetans mwen pou byen konprann dwa konstitisyonèl ak dwa legal mwen renonse yo lè mwen rekonèt mwen koupab.
I understand that if I am not a citizen of the United States, a conviction in the above case(s) may result in my deportation, exclusion from
admission to the United States, or denial of naturalization, and that if the offense is under federal law one that presumptively mandates removal
from the United States and federal officials decide to seek removal, it is practically inevitable that this conviction will result in deportation, exclusion
from admission, or denial of naturalization under the laws of the United States.
Mwen rekonèt si mwen pa yon sitwayen Etazini, yon kondanasyon nan afè ki endike anwo a (yo) ka lakòz mwen anba depòtasyon, yo pa
konsidere mwen kòm moun ki pou antre nan Etazini, oswa yo ka ban mwen refi pou natiralizasyon, epitou si zak mwen fè a anba lwa federal, yon
lwa ki sipoze bay otorizasyon pou yo mete mwen deyò nan Etazini epi si ofisyèl federal yo deside chèche retire mwen nan Etazini, li inevitab pou
kondanasyon sa a ap lakòz mwen tonbe anba depòtasyon, esklizyon nan admisyon nan Etazini, refi pou natiralizasyon anba lwa Etazini.
Date _______________ Print Name of Defendant _______________________________________________________________
Dat la
Ekri Non Akize a an Lèt Detache
Signature of Defendant
Siyati Akize a
DEFENSE ATTORNEY'S APPROVAL
APWOBASYON AVOKA DEFANS LAN
I have discussed the facts in this case and the plea recommendation with my client in detail, and I have advised the Defendant of all matters within
the scope of Massachusetts Rules of Criminal Procedure Rule 12 that are pertinent to the Defendant’s plea, including informing the defendant of
his/her constitutional and statutory rights, the factual basis for and the nature and elements of the offense(s) to which the guilty plea will be
tendered, possible defenses, and the consequences of the guilty plea.
Mwen te diskite sou enfòmasyon ki nan afè sa a ak sou rekòmandasyon pou rekonesans kilpabilite avèk kliyan mwen an detay, epitou mwen te fè
Akize a konnen tout zafè ki nan limit Règ 12 Règ Pwosedi Kriminèl Massachusetts ki enpòtan pou rekonesans kilpabilite Akize a, tankou pou fè
akize a konnen dwa konstitisyonèl li ak dwa legal li, baz jistifikatif pou zak yo ak eleman zak li soumèt rekonesans kilpabilite a, defans posib yo, ak
konsekans rekonesans kilpabilite a.
After explaining the above to the Defendant, I am satisfied that the Defendant has understood my explanation and the consequences of his/her
guilty plea. Moreover, I am satisfied that the Defendant is not under the influence of any drug, medication, liquor, or other intoxicant that can impair
the Defendant's ability to fully understand all the constitutional, statutory and/or other rights that the Defendant would waive by tendering a plea of
guilty to the above indictment(s).
Apre mwen te eksplike Akize a sa ki endike anwo a, mwen satisfè paske Akize a konprann eksplikasyon mwen ak konsekans rekonesans
kilpabilite li. Answit, mwen satisfè paske Akize a pa anba enfliyans okenn dwòg, medikaman, alkòl oswa lòt sibstans toksik ki kapab afebli
konpetans Akize a pou byen konprann tout dwa konstitisyonèl li, dwa legal li ak/oswa lòt dwa Akize a renonse a lè li ofri yon rekonesans kilpabilite
pou akizasyon (yo) ki endike anwo a.
I represent to the Court that the Defendant has signed this document in my presence freely, willingly, and voluntarily.
Mwen fè Tribinal la konnen Akize a siyen dokiman sa a devan mwen libelibè, paske li vle, epitou avèk volonte li.
Date _________________ Attorney for Defendant _______________________________________________________________
Dat la
Avoka pou Akize
BBO Number ___________________
Nimewo BBO
Waiver of Defendant's Rights – English - Haitian Creole (02/16)