Here is the text we could read:
SOUMISYON DEFANS OSWA
ADMISYON
AK RENONSYASYON DWA
NON AKIZE A
NIMEWO DOSYE
Tribinal Premye Enstans Massachusetts
Depatman Tribinal Distri
DIVIZYON TRIBINAL LA
SEKSYON I
REKONESANS
KILPABILITE
SOUMISYON DEFANS SOU KONDISYON OSWA ADMISYON
REKONESANS ENFÒMASYON
KI ASE POU YON TRIBINAL
DEKLARE AKIZE A KOUPAB
KILPABILITE OBLIGATWA AVÈK
REKONESANS AKIZASYON YO ANBA RÈG
12(B)(5)(A)
NIMEWO
CHÈF-
AKIZASYON
REKÒMANDASYON AKIZE A
(Mete tout frè, depans, ak kondisyon
pwobasyon an)
REKÒMANDASYON PWOKIRÈ A
(Obligatwa lè Pwokirè a pa dakò avèk
rekòmandasyon Akize a)
DISPOZISYON JIJ LA
SOU REJÈ YON KILPABILITE
OBLIGATWA OSWA
REKÒMANDASYON KI PA OBLIGATWA
JIJ LA KA ENPOZE SANTANS KI SISPANN YO NAN AK APRE YON VYOLASYON PWOBASYON AN SOF SI GEN ENDIKASYON KONTRÈ.
Yo ka retire NENPÒT AKIZASYON PRENSIPAL YO METE SOU DOSYE A nenpòt lè epitou tribinal la ka enpoze yon santans (oswa tribinal la ka
pwograme pou pwosè si tribinal la pa deklare akize a koupab): (1) sou demann akize a, oswa (2) si tribinal la ranvèse oswa anile yon kondanasyon
oswa yon santans, oswa (3) si tribinal la jwenn bon jan prèv ki montre akize a te fè yon nouvo zak kriminèl, oswa (4) si tribinal la jwenn bon jan prèv ki
endike:
Pwokirè a pa ka mande pou tribinal la retire akizasyon an nan dosye a apre: __________________________________________ (dat la).
DIST. / MUN. CTS. R. Crim. P. 4(c) EGZIJE AVOKA A POU LI KONSILTE AVÈK DEPATMAN PWOBASYON KONSÈNAN KONDISYON
PWOBASYON AN.
DAT LA
SIYATI PWOKIRÈ A
DAT LA
SIYATI AVOKA DEFANS LAN OSWA AKIZE K AP DEFANN TÈT LI
POUKONT LI
X
X
TRIBINAL LA AKSEPTE SA AKIZE A OFRI A REJTE SA AKIZE A OFRI A
SIYATI JIJ LA
X
DAT LA
DESIZYON AKIZE A LÈ TRIBINAL LA REJTE REKÒMANDASYON AKIZE A
Akize a RETIRE defans li soumèt la oswa admisyon kilpabilite a
Akize a AKSEPTE dispozisyon jij la ki endike anwo a
SIYATI AVOKA DEFANS LAN
X
DAT LA
SIYATI AKIZE A
X
DAT LA
DC-CR 22 (Rev. 5/15) – Haitian Creole (02/2016)
This formis for your reference only. Do not submit to the court. Fòmsa a lasèlman poureferans. Pa remèt li nan tribunal la.EKSYON II RENONSYASYON DWA AKIZE A (G.L. c. 263, § 6) AK AVI SOU DWA ETRANJE (G.L. c. 278, § 29D,
MASS R. Crim. P. 12)
Mwen pa anba okenn dwòg, medikaman, alkòl oswa lòt sibstans ki ta nuizib pou konpetans mwen pou konprann nèt dwa
konstitisyonèl ak dwa legal mwen renonse yo lè mwen rekonèt mwen koupab oswa lè mwen admèt enfòmasyon ki ase yo pou kore
yon vèdik ki endike mwen koupab.
Mwen deside rekonèt mwen koupab, oswa mwen deside admèt enfòmasyon ki ase yo, libelibè epi avèk volonte mwen sou kondisyon
mwen ofri nan Seksyon I. Rekonesans kilpabilite mwen oswa admisyon mwen se pa rezilta lafòs oswa menas, pwomès, oswa lòt
garanti.
Mwen konprann epi rekonèt mwen renonse dwa mwen avèk volonte mwen pou tribinal la jije mwen avèk yon jiri, oswa avèk yon jij
san yon jiri, sou akizasyon sa yo. Mwen rekonèt jiri a ta gen ladan sis jire tribinal la chwazi owaza nan kominote a, epitou mwen
kapab patisipe nan chwazi jire yo, ki ta detèmine alawonnbadè si mwen te koupab oswa si mwen pa t koupab. Si mwen rekonèt
mwen koupab oswa si mwen admèt enfòmasyon yo, mwen rekonèt m ap renonse nenpòt dwa pou mwen defye, kont-entèwoje, ak
oblije prezans temwen; pou mwen prezante prèv yo nan defans mwen; pou mwen rete an silans epi pou mwen refize bay temwayaj
oswa pou mwen refize bay prèv kont tèt mwen, tout sa avèk èd yon avoka defans; epitou tribinal la sipoze mwen inosan jouk lè
ministè piblik la pwouve mwen koupab san pa gen okenn dout.
Mwen konnen kalite ak eleman akizasyon an oswa akizasyon (yo) mwen rekonèt mwen koupab pou yo oswa mwen admèt yo. Mwen
konnen tou kalite ak limit santans posib (yo); mwen konnen tribinal la kapab enpoze santans yo youn apre lòt. Tribinal la te fè mwen
konnen si rekonesans kilpabilite oswa admisyon pou akizasyon yo kapab lakòz mwen gen obligasyon pou mwen anrejistre kòm yon
delenkan seksyèl oswa pou mwen angaje kòm yon moun ki danjere nan sèks anba G.L. c. 123A, §12.
Mwen rekonèt si mwen pa yon sitwayen Etazini, si tribinal la aksepte rekonesans kilpabilite mwen, pledwaye non-kontestasyon, oswa
admisyon enfòmasyon ki ase ka lakòz mwen tonbe anba depòtasyon, pa konsidere mwen kòm moun ki ka antre nan Etazini, oswa refi
pou natiralizasyon, dapre lwa Etazini. Si zak mwen rekonèt mwen koupab la pou li a, mwen plede non-kontestasyon pou li a, oswa
mwen admèt dapre enfòmasyon ki ase se yon zak y ap jije anba lwa federal, tankou yon lwa ki sipoze egzije pou yo retire mwen nan
Etazini epi si ofisyèl federal yo deside chèche retire mwen nan Etazini, dispozisyon sa a ta lakòz mwen tonbe anba depòtasyon
kanmenm, yo pa admèt mwen nan Etazini, oswa yo ban mwen refi pou natiralizasyon dapre lwa Etazini.
Si yo mete nenpòt akizasyon nan dosye mwen: Mwen bay konsantman mwen libelibè epi avèk volonte mwen pou yo mete akizasyon
an nan dosye mwen dapre kondisyon ki endike devan fòm sa a. Mwen rekonèt mwen gen yon dwa nenpòt lè pou tribinal la retire li nan
dosye a epitou pou tribinal la enpoze santans lan (oswa pwograme li pou pwosè si tribinal la pa t jwenn mwen koupab). Mwen rekonèt
pwokirè a ka mande tribinal la pou retire li nan dosye a epitou pou enpoze santans lan (oswa pou pwograme li pou pwosè si tribinal la
pa t jwenn mwen koupab) si tribinal la ranvèse oswa anile yon kondanasyon oswa santans asosye, oswa si pwokirè a pwouve avèk bon
jan prèv swa mwen te fè yon nouvo zak kriminèl oswa te gen nenpòt lòt kondisyon ki endike devan fòm sa a. Pwokirè a ka fè sa nenpòt
lè (oswa, si gen yon limit tan ki endike devan fòm sa a, li ka fè sa nenpòt lè jouk nan dat sa a). Mwen rekonèt, si tribinal la retire
akizasyon an nan dosye a epi si tribinal la enpoze yon santans kont mwen, sa ka lakòz mwen tonbe anba lòt pinisyon nan afè sa a.
SIYATI AKIZE A
X
DAT LA
Mwen tradui dokiman sa a pou akize a.
SIYATI ENTÈPRÈT LA
SÈTIFIKA AVOKA DEFANS LAN (G.L. c. 218, § 26A)
SEKSYON III
Jan G.L. c. 218, § 26A egzije sa, mwen konfime mwen te eksplike akize a dwa legal yo ak konsekans ki endike nan Seksyon II anwo a.
SIYATI AVOKA DEFANS LAN
X
SEKSYON IV
Mwen, Jij Tribinal Distri ki siyen anba la a, te pale avèk akize a dirèkteman nan odyans tribinal la. Mwen te fè rechèch apwopriye
nan edikasyon ak dosye jidisyè akize a epi mwen satisfè paske akize a byen konprann tout dwa akize a jan sa endike nan
Seksyon II anwo a, epitou akize a pa anba okenn dwòg, medikaman, alkòl, oswa lòt sibstans ki ta febli konpetans akize a pou li
konprann dwa yo. Apre mwen te pale avèk akize a, mwen jwenn akize a te renonse tout dwa yo avèk konesans li, avèk
entèlijans, epi avèk volonte li jan sa eksplike pandan pwosedi sa yo epitou jan sa endike nan fòm sa a.
SÈTIFIKA JIJ LA
DAT LA
BBO#
Apre yon odyans, mwen jwenn yon baz jistifikatif pou akizasyon (yo) epitou mwen jwenn enfòmasyon yo jan ministè piblik la
asosye yo ak jan akize a admèt yo ta sipòte yon kondanasyon sou akizasyon (yo) akize a fè defans lan oswa admisyon an.
Mwen konfime mwen te bay akize a avi sou dwa etranje ki endike anwo a nan Seksyon II, Renonsyasyon Dwa Akize a, dapre
G.L. c. 278, § 29D ak Mass. R. Crim. P. 12.
Si tribinal la mete nenpòt akizasyon nan dosye a apre yon vèdik kilpabilite: Mwen te eksplike akize a konsekans ki genyen lè
tribinal la mete yon chè-akizasyon nan dosye jan sa endike nan Seksyon II, Renonsyasyon Dwa Akize a.
DAT LA
S
C-CR 22 (Rev. 5/15) – Haitian Creole (02/2016)
SIYATI JIJ LA
X
D
This form is for your reference only. Do not submit to the court. Fòm sa a la sèlman pou referans. Pa remèt li nan tribunal la.