Here is the text we could read:
Ti Reklamasyon nan Massachusetts: Sa Ou Bezwen Konnen
1. Kijan pou mwen fè aksyon pou
yon ti reklamasyon?
Lè ou ranpli yon fòm tribinal ki rele
“Deklarasyon Reklamasyon ak Avi pou
Pwosè”, ak lè yon ou peye yon frè
anrejistreman. Fòm nan disponib nan
biwo grefye nenpòt distri, tribinal
minisipal Boston, oswa tribinal lojman.
Ou kapab jwenn eksplikasyon sou
fason pou ranpli yon fòm “Deklarasyon
Ti Reklamasyon ak Avi pou Pwosè” pa
dèyè fòm nan menm. Pou jwenn yon
lis adrès tribinal sa yo selon konte, ale
sou Entènèt nan sitwèb
http://www.mass.gov/courts/courtsandj
udges/courts/courtscounty.html. Moun
oswa biznis ki fè reklamasyon an rele
"pleyan." Moun oswa biznis ou rele
lajistis la rele “akize” a.
2. Ki kote pou mwen fè yon ti
reklamasyon?
Ou ka fè yon ti reklamasyon sèlman
nan tribinal pou zòn kote pleyan an
oswa akize a ap viv, oswa kote li gen
biznis oswa kote l ap travay. Ou ka fè
yon ti reklamasyon kont yon mèt kay ki
fèt nan lokasyon yon apatman tou kote
apatman an ye a. Ou ka remake li pi
fasil pou egzekite yon desizyon anfavè
ou si ou fè ti reklamasyon ou kote
akize a ap viv la, oswa kote l ap travay,
men ou pa gen obligasyon pou fè sa.
3. Ki reklamasyon mwen kapab fè
sou fòm ti reklamasyon?
Sof si plent ou baze sou domaj nan
pwopriyete ki fèt nan yon aksidan
machin, li pa kapab depase $7,000.00.
Men, reklamasyon an ka depannde
domaj-enterè obligatwa oswa frè
avoka ki depase $7,000.00 (pa
egzanp, plent pou pwoteksyon
konsomatè oswa sèten plent kont mèt
kay/lokatè). Nan plent sa yo, kantite
lajan debaz la pa ka depase $7,000.00
menmsi domaj-enterè posib la ka
depase kantite lajan sa a.
4. Èske gen yon limit sou lè mwen
dwe fè ti reklamasyon mwen?
Wi. Limit tan an (ki rele “règleman
limit”) pa menm avèk kalite
reklamasyon an, epitou li aplike alafwa
pou ti reklamasyon yo ak pou pwosè
sivil regilye yo. Anjeneral, yon
reklamasyon ki baze sou yon kontra
oswa yon lwa pou pwoteksyon
konsomatè dwe fèt anvan 6 ane, epi
yon reklamasyon akòz neglijans oswa
move zak entansyonèl dwe fèt anvan 3
ane, men gen kèk eksepsyon. Al gade
chapit 260 Lwa Jeneral
Massachusetts, oswa yon bibliyotèk
piblik oswa legal pou jwenn plis
enfòmasyon.
5. Èske m ap kapab jwenn lajan nan
men akize a?
Si ou genyen, akize a ap resevwa lòd
pou peye jijman an si li gen lajan pou
fè sa. Si akize kapab peye, epi si li pa
fè sa, yo ka konsidere li manke tribinal
la dega, epi yo ka mete li nan prizon,
oswa yo ka fè li peye lòt frè. Sonje kèk
sous revni ak yon pòsyon nan nenpòt
salè ap egzonere nan yon lòd pou
peman.
6. Ki frè pou mwen peye pou fè yon
ti reklamasyon?
Frè pou peye pou ti reklamasyon ki
$500 ak mwens pase sa se $40. Frè
pou peye pou reklamasyon ki ant $501
a $2000 se $50. Frè pou peye pou
reklamasyon ki ant $2001 ak $5000 se
$100. Frè pou peye pou reklamasyon
ki ant $5001 ak $7000 se $150. Frè
pou peye pou reklamasyon domaj nan
pwopriyete ki plis pase $7000 nan yon
aksidan machin se $150.
7. Ki enfòmasyon mwen dwe mete
nan reklamasyon mwen?
Ranpli fòm “Deklarasyon Ti
Reklamasyon”. Mete kantite lajan ou
reklame pou lajistis fè ou jwenn nan,
epitou bay yon ti eksplikasyon sou
reklamasyon ou. Endike reklamasyon
an yon fason ki senp, men tou yon
fason ki aklè pou akize a kapab
konprann pou kisa ou rele li nan
lajistis. Ou dwe endike nenpòt kantite
lajan espesifik w ap chèche jwenn pou
domaj-enterè, pou plizyè domaj oswa
pou sanksyon dapre lalwa, pou frè
avoka, oswa pou depans, epitou
endike kantite lajan total w ap chèche
jwenn, sof nenpòt enterè anvan jijman
w ap chèche nan tribinal la dapre
règleman an.
Li enpòtan pou ou gen non ak adrès
kòrèk akize a. Si ou rele yon biznis
nan lajistis, epi biznis lan se pa yon
sosyete, ou ta dwe endike kòm akize
pwopriyetè (yo) ki fè biznis lan (“d/b/a”)
anba non komèsyal la. Ou ka jwenn
non yo nan men Grefye Vil oswa Ti Vil
kote biznis lan ye a. Si ou rele yon
biznis nan lajistis, epi biznis lan se yon
sosyete, ou dwe gen non egal egzat li.
Ou kapab jwenn enfòmasyon sa yo
nan Biwo Divizyon Dosye Sosyete
Sekretè Eta a, One Ashburton Place,
Sal 1712, Boston, MA 02108 (oswa
nan sitwèb
http://corp.sec.state.ma.us/corp/corpse
arch/corpsearchinput.asp).
Nan pòsyon “DEKLARASYON MILITÈ
SOU SÈMAN”, ou dwe endike si akize
a se yon militè ki nan sèvis aktif oswa
si li pa yon militè ki nan sèvis aktif. Si
ou konnen nimewo sekirite sosyal
akize a, ou ka detèmine si li se yon
militè ki nan sèvis aktif nan entènèt
sou sitwèb
https://www.dmdc.osd.mil/appj/scra/scr
aHome.do; si non, ou dwe voye yon lèt
nan katye jeneral fòs lame apwopriye
a (ki endike nan
www.defenselink.mil/faq/pis/PC09SLD
R.html). Si ou pa kapab detèmine si
akize a se yon militè ki nan sèvis aktif,
epi si akize a pa vini nan tribinal la,
tribinal la ka egzije ou pou depoze yon
kosyon, oswa li ka ba ou lòt lòd pou
pwoteje dwa akize a si akize a se yon
militè ki nan sèvis aktif.
8. Ki "frè” pou mwen peye?
Si pleyan an genyen pwosè a, oswa si
toulède moun yo rezoud reklamasyon
an, pleyan an kapab touche lajan an
nan men akize a kòm “frè” pou frè pou
fè reklamasyon an nan tribinal la. Sou
lòd tribinal la, pleyan an ka pafwa
touche sèten lòt frè poutèt li fè
reklamasyon an.
9. Kijan yo fè akize a konnen
reklamasyon an?
Nou voye yon kopi “Deklarasyon
Reklamasyon ak Avi pou Pwosè” ba
akize a nan kourye premye klas. Si
akize a p ap viv nan eta a, n ap fè li
konnen sa nan kourye sètifye. Se
tribinal la k ap bay toulède kalite avi
yo, apre fòm “Deklarasyon
Reklamasyon ak Avi pou Pwosè” fin
ranpli.
10. Èske y ap vanse avèk plent mwen
an si akize a pa t resevwa avi?
Si Biwo Lapòs pa kapab notifye
(“remèt”) akize a kourye a, epi lèt la
retounen nan tribinal la, yo pa kapab
vanse avèk plent ou. Si lèt la pa
retounen, men pita nou vin konnen
lapòs pa t janm remèt lèt la ba akize a,
oswa nou remake lapòs te pote lèt la
nan adrès ki pa kòrèk, tribinal la ka
anile nenpòt jijman ou te resevwa. Pou
Small Claims Brochure Haitian Creole 08/2012Ti Reklamasyon nan Massachusetts: Sa Ou Bezwen Konnen
Office of Court
Management
Massachusetts Trial Court
2 Center Plaza, 5th Floor
Boston, MA 02108
617-742-8575
www.mass.gov/courts
This document was developed under Grant
11-T-162 of the State Justice Institute and
does not necessarily represent the official
position or policies of the State Justice
Institute.
rezon sa a, li trè enpòtan pou ou asire
adrès postal ou te bay pou akize a sou
fòm “Deklarasyon Reklamasyon ak Avi
Pwosè” se yon adrès postal ki kòrèk.
11. Èske avoka nesesè nan tribinal
ti konfli?
Non, men ou ka anboche youn si ou
vle. Ou ka anmezi pou jwenn resous
pou ede ou nan bibliyotèk piblik lokal,
Trial Court Law Libraries (mass.gov/
lawlib), oswa MassLegal Help
(www.MassLegalHelp.org),
12. Kilè ak ki kote moun ki fè plent
lan ak akize a gen pou ale nan
tribinal?
Sof si pleyan an ak akize a rezoud
plent lan anvan dat pwosè a, toulède
moun yo dwe ale vini nan tribinal la
nan dat ki pwograme pou pwosè a fèt.
13. Kisa pou mwen fè si mwen pa
kapab vini nan tribinal nan jou
pwosè a?
Ou ta dwe rele oswa voye yon lèt ba
moun ki nan pati opoze a pou mande li
pou dakò pou ranvwaye dat
(“kontinye”) pwosè a. Ta dwe gen
ajounman pou rezon ki valab, tankou
maladi, yon ijans, oswa si yon temwen
pa disponib. Si toulède moun yo dakò,
oswa si pati opoze a pa dakò, oswa si
ou pa kapab jwenn moun ki nan pati
opoze a, ou dwe voye yon lèt ba
grefye tribinal la pou mande pou
tribinal la ba ou yon ajounman. Pa rete
tann nan dènye minit lan. Si lòt moun
nan fè yon demann ki rezonab pou yon
ajounman, sa ka elimine pwoblèm pou
ou si ou dakò avèk demann lan.
14. Kisa pou mwen fè si mwen pa
vini nan tribinal nan jou pwosè a?
Si pleyan an pa vini pou pwosè a, epi
si akize a vini, tribinal la ap pwononse
yon jijman pou akize a. Si ni pleyan an
ni akize a pa vini nan tribinal pou
pwosè a, tribinal la ap anile
reklamasyon an. Si akize a pa vini pou
pwosè a, epi si pleyan an vini, tribinal
la ap ka pwononse yon jijman-pa
kontimas, epi pou egzije akize a pou
peye kantite lajan pleyan an reklame
a. Majistra a ka mande pleyan an pou
bay kèk prèv pou reklamasyon an,
menmsi akize a pa la.
15. Kijan mwen ta dwe prepare pou
pwosè a?
Li ka bon pou ekri davans enfòmasyon
ki sou plent lan nan lòd yo te pase a.
Sa ap ede ou òganize panse ou yo
pou fè yon prezantasyon istwa a aklè.
Nan dat pwosè a, ou dwe vini avèk
nenpòt temwen, chèk, bòdwo, papye,
foto, oswa lèt k ap ede ou pwouve
plent ou. Si w ap bay dokiman kòm
pyès-a-konviksyon nan pwosè a, pote
kopi yo pou majistra a ak pou akize a.
Si ou bezwen yon temwen pou vini
nan tribinal la, men temwen an p ap
vini, mande grefye a- biwo majistra a
yon asiyasyon pou fè temwen an vini
nan tribinal, epi ou dwe fè aranjman
pou fè yon ofisye lapolis oswa yon
cherif adjwen pote asiyasyon an ba
temwen an. Ou ka bezwen yon
temwen-kle pou pwouve nenpòt zafè ki
pa nan eksperyans komen. Lwa ki
detèmine ti reklamasyon yo se menm
ak lwa pou gwo pwosè yo, men yo
itilize pwosedi ki senp. Pleyan an dwe
pwouve reklamasyon an se yon
reklamasyon lalwa rekonèt, epi li dwe
pwouve akize a responsab, oswa
majistra a ap pran yon desizyon pou
akize a.
16. Kisa k ap pase nan jou pwosè
a?
Asire ou rive alè. Si yon medyatè pa
rezoud plent ou, gen yon pwosè k ap
fèt devan yon jij. Majistra a ap mande
pleyan an pou rakonte istwa a dapre li,
answit akize a ap rakonte istwa a
dapre li. Chak moun ap jwenn yon
posiblite pou poze lòt moun nan ak
temwen lòt moun nan kesyon. Pou
pleyan an genyen pwosè sa, lalwa
egzije li pou pwouve reklamasyon li an
valab.
17. Kisa pou mwen fè si moun yo
vle yon ajounman?
Si toulède moun yo la lè tribinal la rele
plent lan, y ap vanse avèk plent lan,
sof si gen rezon ki valab pou
ajounman pwosè a. Si ou pare pou
vanse, epi lòt moun nan vle yon
ajounman, asire ou fè majistra a
konnen si ou pa dakò.
18. Kisa majistra a ap fè?
Majistra a ap pran yon desizyon. L ap
bay oswa voye avi desizyon an (ki rele
yon “jijman”) ba chak moun.
Small Claims Brochure Haitian Creole 08/2012