Here is the text we could read:
AVI POU AKIZE A* KONSÈNAN ENTÈDIKSYON POU PREVANSYON KONT ABI
(RESTRIKSYON).
A SE ENFÒMASYON KI KONSÈNE ENTÈDIKSYON POU FÈ ABI KI KA EDE OU
KONPRANN KONDISYON ENTÈDIKSYON AN. TANPRI LI ENTÈDIKSYON AN AVÈK ANPIL
ATANSYON.
on entèdiksyon se yon lòd tribinal bay. Sa vle di se yon jij SÈLMAN ki kapab chanje lòd la. Moun ki te
mande lòd la PA KAPAB ni chanje lòd la ni mete yon pwen final ladan san li pa retounen nan tribinal la.
Menmsi moun ki pote plent lan** mande, aksepte, oswa kite ou fè bagay lòd la entèdi, w ap vyole
entèdiksyon an sof si yon jij chanje li pou ba ou pèmisyon pou konduit la.
on entèdiksyon se yon lòd sivil men yon vyolasyon lòd la se yon zak kriminèl. Si lajistis jwenn ou
koupab poutèt ou vyole yon entèdiksyon, ou kapab ale nan prizon pou apeprè 2 ½ ane epi/oswa yo ka
mete ou sou pwobasyon. Yon kondanasyon kriminèl (menm yon kontinyasyon san yon rezilta) kapab
(pami lòt bagay yo) afekte posiblite ou pou jwenn travay, lojman piblik, oswa sitwayènte, oswa ou ka
anba depòtasyon. Si lapolis obsève yon vyolasyon yon entèdiksyon oswa si yo gen rezon valab pou kwè
ou vyole entèdiksyon an, lapolis gen obligasyon pou arete ou. Si ou sou pwobasyon, vyolasyon
entèdiksyon sa kapab yon vyolasyon pwobasyon ou tou.
i ou resevwa lòd pou pa fè abi sou moun ki pote plent lan, sa vle di:
• Ou pa kapab ni fè atak fizik sou moun ki pote plent lan ni menase li.
• Ou pa kapab fè anyen ki bay moun ki pote plent lan rezon pou li pè poutèt ou ta ka fè domaj fizik sou
• Ou pa dwe itilize lafòs oswa ou pa dwe fè okenn kalite menas pou fè moun ki pote plent lan fè seks
moun ki pote plent lan.
avèk ou san li pa vle.
i ou resevwa lòd pou pa pran kontak avèk moun ki pote plent lan, sa vle di:
• Ou pa kapab viv avèk moun ki pote plent lan.
• Ou dwe rete lwen moun ki pote plent lan sou yon distans ki endike nan lòd la, anjeneral sou yon
kantite pye oswa yad ki endike nan lòd la.
• Ou pa kapab kontakte moun ki pote plent lan nan okenn fason. Sa gen ladan, men pa sèlman,
koutfil, mesaj nan tèks, imèl, kat, ak kado. Ou pa ka itilize zanmi, manm fanmi (ansanm ak timoun),
vwazen, oswa nenpòt lòt moun pou kontakte moun ki pote plent lan, oswa ou pa ka voye oswa
afiche mesaj sou Facebook, Twitter, SnapChat, LinkedIn, oswa nenpòt lòt sitwèb medya sosyal, si
ou gen pèmisyon espesyal nan entèdiksyon an.
• Si ou yon kote epi moun ki pote plent lan vini nan menm kote a, ou dwe kite kote a san pèdi tan,
menmsi ou te la anvan.
i ou resevwa lòd pou kite yon kay, sa vle di:
• Ou dwe kite kay la imedyatman epitou ou dwe rete lwen adrès la pandan lòd la anvigè. Ou dwe rete
lwen adrès la menmsi moun ki pote plent lan pa la. Si kay la se yon apatman, ou ka resevwa lòd pou
rete lwen tout bilding nan, menmsi kontra lwaye a se sou non ou.
• Ou pa kapab fè domaj nan kay la nan okenn fason.
• Ou pa kapab sispann sèvis piblik yo ni deranje livrezon kourye pou moun ki pote plent lan. Lòd sa yo
aplike menmsi kontra lwaye a ak/oswa sèvis piblik yo sou non ou.
i ou resevwa lòd pou rete lwen travay moun ki pote plent lan, sa vle di:
* Akize a se moun yo bay entèdiksyon an kont li.
** Moun ki pote plent lan se moun ki te mande tribinal la pou bay lòd la.
A-17 Notice to Defendant Regarding Abuse Prevention (Restraining) Order (8/14) – Haitian Creole (08/14)
S
Y
Y
S
S
S
S
F
• Ou dwe rete lwen kote moun ki pote plent lan ap travay pandan tout tan lòd la anvigè. Ou dwe rete
lwen adrès la menmsi moun ki pote plent lan pa la nan moman an.
i ou resevwa lòd pou remèt zam-pou-tire, sa vle di:
• Ou dwe imedyatman transfere nenpòt zam-pou-tire, minisyon, lisans pou gen zam-pou-tire, oswa
kat idantifikasyon zam-pou-tire ou genyen nan depatman lapolis ki endike nan lòd la.
• Ou pa ka achte okenn zam-pou-tire ni minisyon pandan lòd la anvigè.
i moun ki pote plent lan jwenn otorizasyon tribinal la pou viv avèk timoun yo, sa vle di:
• Timoun yo ap viv avèk moun ki pote plent lan sof si oswa jouk lè jij la chanje lòd la.
Si ou resevwa lòd pou pa pran kontak avèk timoun yo, sa vle di:
• Ou dwe rete sou yon distans anpil pye oswa yad avèk timoun yo (distans lan endike nan lòd la). Ou
pa kapab gen kontak avèk timoun yo pandan lòd la anvigè, sof si epi jiskaske Tribinal Siksesyon ak
Titèl ak Fanmi ba ou pèmisyon pou pran kontak sa a.
• Lòd la ka endike ou dwe rete sou yon distans anpil pye oswa yad lwen lekòl oswa gadri yon timoun.
• Si ou gen pèmisyon pou pran kontak avèk timoun yo menm pa avèk moun ki pote plent lan, epi si
timoun yo ap viv avèk moun ki pote plent lan, ou dwe pran anpil prekosyon pou pale avèk timoun
yo sèlman. Ou pa kapab ni pale ni pran kontak avèk moun ki pote plent lan. Ou dwe swiv règ ki ba
ou pèmisyon pou pran kontak avèk timoun yo deprè, tankou fason ak kilè ou ka kontakte timoun
yo. Ou pa ta dwe rele telefòn kay la sof si lòd ba ou pèmisyon espesyal pou rele nimewo sa a.
• Si apre Tribinal Distri a, Tribinal Minisipal Boston, oswa Tribinal Siperyè bay yon entèdiksyon,
oumenm ak moun ki pote plent lan nan Tribinal Siksesyon ak Titèl ak Fanmi gen otorizasyon pou
chanje entèdiksyon an oswa menm pou mete yon pwen final ladan si li nesesè pou elimine nenpòt
konfli ant entèdiksyon an ak lòd yo bay nan zafè Tribinal Siksesyon ak Titèl ak Fanmi. Pa egzanp, si
yon jij Tribinal Siksesyon ak Titèl ak Fanmi akòde yon tan pou paran edike timoun yo, lè sa a jij
Tribinal Siksesyon, Titèl ak Fanmi kapab chanje dispozisyon “pou pa pran kontak” nan entèdiksyon
an pou bay tan pou paran yo edike timoun yo, epitou sa kapab chanje dispozisyon pou “kanpe
lwen” tou nan entèdiksyon an pou bay tan espesyal pou vin chèche epi retounen timoun yo. Tout
lòt pati entèdiksyon an ki pa nan konfli avèk lòd tribinal Siksesyon ak titèl ak Fanmi dwe rete anvigè.
Kouman pou mwen jwenn bagay mwen yo?
Si ou resevwa lòd pou rete lwen lakay ou, lòd la ka ba ou pèmisyon pou ale avèk lapolis pou pran zafè
pèsonèl ou yo nan yon lè moun ki pote plent lan aksepte. Ou dwe kontakte lapolis lokal pou fè
aranjman pou yon lè yo kapab ale avèk ou pou pran rad ou ak lòt bagay ou ka bezwen.
AGAY KI ENPÒTAN POU KONNEN:
Dat pou pwochen odyans tribinal la endike nan dezyèm paj entèdiksyon an. Non ak kote tribinal ki te
bay lòd la endike nan kwen anlè adwat lòd la. Pandan odyans lan, jij la ap koute prèv de moun ki
konsène yo prezante epitou l ap deside si entèdiksyon an ta dwe kontinye nan fòm li ye nan moman
an, si li ta dwe chanje nan kèk fason, oswa si li ta dwe sispann (fini). Si ou pa vini nan odyans sa a apre
ou resevwa avi a epi si moun ki pote plent lan prezante, yo ka pwolonje lòd la pou yon ane.
i ou vle chanje oswa mete yon pwen final nan entèdiksyon an apre tribinal la te bay li, ou kapab ale
nan tribinal ki te bay entèdiksyon an pou mande jij la pou li fè kèk chanjman oswa pou li mete yon
pwen final nan lòd la. Anjeneral, tribinal yo louvri lendi jiska vandredi ant 8:30 a.m. ak 4:30 p.m. Depi
yo bay lòd la apre yon odyans, yon jij ap sèlman chanje entèdiksyon an si ou montre te gen yon
chanjman nan sikonstans yo. Pou mande pou mete yon pwen final nan entèdiksyon an anvan dat
finisman an, ou dwe pwouve yon jij te gen yon chanjman enpòtan nan sikonstans yo. Ekip tribinal ki
nan Biwo grefye a oswa Rejis la kapab ede ou depoze dokiman ki nesesè yo pou fè demann sa a. Apre
ou fè demann ou, yo ka pwograme yon odyans epi moun ki pote plent lan ap resevwa avi pou odyans
A-17 Notice to Defendant Regarding Abuse Prevention (Restraining) Order (8/14) – Haitian Creole (08/14)
S
S
B
S
F
lan. Anplwaye tribinal la ap fè ou konnen si y ap voye avi pou odyans lan ba moun ki pote plent lan
oswa si ou bezwen voye avi pou dat odyans lan pa lapòs ba moun ki pote plent lan.
A-17 Notice to Defendant Regarding Abuse Prevention (Restraining) Order (8/14) – Haitian Creole (08/14)
F