Here is the text we could read:
DEKLARASYON SOU SÈMAN POU MANDE
LÒD PWOTEKSYON DEYÒ ETA A
G.L. c. 209A, § 5A oswa G.L. c. 258E, § 7
NIMEWO REJIS MASSACHUSETTS
(pou tribinal la itilize sèlman)
Tribinal Premye Enstans
Massachusetts
Dapre G.L. c. 209A, § 5A oswa G.L. c. 258E, § 7, mwen sèmante oswa mwen konfime dapre tout sa
mwen konnen, lòd yo bay nan
(tribinal)
(eta)
ki nan
,
yon kopi sètifye mwen soumèt ansanm avèk deklarasyon sou sèman sa a, anvigè nan moman an jan sa ekri.
Siyen anba menas pou sanksyon pou fo temwayaj.
DAT SIYATI A (mwa/jou/ane)
SIYATI MOUN KI FÈ PLENT LAN
x
•
Tanpri soumèt ansanm avèk deklarasyon sou sèman sa a yon kopi sètifye lòd tribinal lòt eta a ak fòm “Enfòmasyon Sekrè Moun ki Fè
Plent” ak Enfòmasyon Moun ki Fè Plent lan Bay sou Akize a” nan Massachusetts.
EKSTRÈ OFISYÈL
G.L. c. 209A, § 1. “Jan sa itilize nan chapit sa a, mo ki anba la yo dwe gen siyifikasyon sa yo:…
“Lòd pwoteksyon yon lòt jiridiksyon bay’, nenpòt rekòmandasyon fòmèl oswa lòt lòd yo bay nan yon tribinal yon lòt eta, teritwa oswa posesyon Etazini,
Eta Pòtoriko, oswa District of Columbia, oswa tribinal tribi yo bay pou evite zak vyolan oswa zak menasan oswa asèlman kont nenpòt moun, oswa kontak
oswa kominikasyon oswa vwazinaj yon lòt moun, tankou lòd pwovizwa oswa lòd final yo bay nan tribinal sivil oswa tribinal kriminèl yo mande sou non yon
moun k ap chèche pwoteksyon.”
G.L. c.209A, § 5A. “Nenpòt lòd pwoteksyon yo bay nan yon lòt jiridiksyon, jan sa defini nan seksyon en, dwe bay avèk bon volonte ak konfyans nan
tout eta a epi yo dwe egzekite li tankou si yo te bay li nan eta a toutotan lòd la anvigè nan jiridiksyon ki bay li a.
“Yon moun ki gen dwa pou pwoteksyon anba yon lòd pwoteksyon yo bay nan yon lòt jiridiksyon ka fè demann pou lòd la... lè li depoze nan tribinal la
yon kopi sètifye lòd la ki dwe antre nan sistèm anrejistreman dosye vyolans nan kay eta a yo mete anplas dapre dispozisyon [St. 1992, c. 188, § 7] epi yo
konsève nan biwo manm komisyon pwobasyon an. Moun nan dwe fè deklarasyon sou sèman nan yon deklarasyon sou sèman, dapre tout sa moun nan
konnen, pou yo lòd la anvigè jan li ekri. Sou demann yon ajans lapolis, rejis oswa grefye tribinal la dwe bay yon kopi sètifye lòd pwoteksyon yo bay nan lòt
jiridiksyon an.
“Yon ofisye lapolis dwe sipoze valide yon lòd pou bay pwoteksyon, epi egzekite... yon kopi yon lòd pwoteksyon yo bay nan yon lòt jiridiksyon yo te bay
pou ofisye lapolis la nan nenpòt sous; men, depi ofisye a resevwa yon deklarasyon moun ki pwoteje anba lòd la ki rete anvigè. Ofisye lapolis la ka depann
de deklarasyon moun ki pwoteje anba lòd la.”
G.L. c. 209A, § 1. “Jan sa itilize nan chapit sa a, mo ki anba la yo dwe gen siyifikasyon sa yo, sof nan kontèks ki egzije lòt bagay aklè:…
“Lòd pwoteksyon yo bay nan yon lòt jiridiksyon’, yon rekòmandasyon fòmèl oswa yon lòt yo bay nan yon tribinal yon lòt eta, teritwa oswa posesyon
Etazini,
Eta Pòtoriko, oswa District of Columbia, oswa tribinal tribi yo bay lòd la pou evite zak vyolan oswa menasan, abi oswa asèlman, oswa kontak oswa
kominikasyon avèk yon lòt moun oswa vwazinaj fizik avèk yon lòt moun, tankou lòd pwovizwa oswa lòd final yo bay nan tribinal sivil oswa kriminèl yo yon
moun k ap chèche pwoteksyon fè oswa ki fèt sou non li.”
G.L. c. 258E, § 7. “Nenpòt lòd pwoteksyon yo bay nan yon lòt jiridiksyon, dwe bay avèk bon volonte ak konfyans nan tout eta a epi yo dwe egzekite li
tankou si yo te bay li nan eta a toutotan lòd la anvigè nan jiridiksyon ki bay li a.
“Yon moun ki gen dwa pou pwoteksyon anba yon lòd pwoteksyon yo bay nan yon lòt jiridiksyon ka fè demann lan nan tribinal apwopriye depi ou
depoze yon kopi sètifye lòd la nan tribinal la. Moun nan dwe fè deklarasyon sou sèman nan yon deklarasyon sou sèman, dapre tout sa moun nan konnen,
pou yo lòd la anvigè jan li ekri. Sou demann yon ajans lapolis, anplwaye tribinal la oswa grefye a dwe bay yon kopi sètifye lòd pwoteksyon yo bay nan lòt
jiridiksyon an.
“Yon ofisye lapolis dwe sipoze validite yon lòt pwoteksyon, epi egzekite... yon kopi yon lòd pwoteksyon yo bay nan yon lòt jiridiksyon yo te bay pou
ofisye lapolis la nan nenpòt sous; men, depi ofisye a resevwa yon deklarasyon moun ki pwoteje anba lòd la ki rete anvigè. Ofisye lapolis la ka depannde
deklarasyon moun ki pwoteje anba lòd la.”
FA/HA-9 (5/10) Affidavit for Filing Out-of-State Protective Order – Haitian Creole (06/14)
Thisformisforyour referenceonly. Do not submit tothe court. Fòm sa a lasèlman pou referans. Pa remèt li nantribunal la.