Here is the text we could read:
MOSYON POU KENBE ENFÒMASYON AN SEKRÈ AK
DEKLARASYON SOU SÈMAN
G.L. c. 209A, § 8 oswa G.L. c. 258E, § 10
NIMEWO REJIS (pou tribinal la itilize
sèlman)
Tribinal Premye Enstans
Massachusetts
Dapre G.L. c. 209A, § 8 oswa G.L. c. 258E, § 10, adrès kay ou ak adrès travay ou:
• ap otomatikman bloke pou pa divilge bay piblik la.
• ap otomatikman bloke pou pa divilge bay akize a ak avoka akize a sof si adrès yo parèt nan Lòd Tribinal kote ou te mande pou akize a
jwenn lòd pou kanpe lwen lakay ou oswa travay ou.
• ap disponib pou ou, pou avoka ou, pou moun ou bay otorizasyon pou gen aksè ladan yo, ak pou sèten moun lè li nesesè pou yo jwenn
aksè pou pran responsablite yo (pwokirè, ofisye lapolis, avoka viktim-temwen, konseye pou kadejak, epi, nan pwosè G.L. c. 209A sèlman,
konseye pou vyolans nan kay).
Si ou gen rezon valab ki fè adrès ou yo pa ta dwe divilge bay moun ki ta gen aksè nan pwosesis responsablite yo, ou ka fè mosyon sa a nan
tribinal la pou mande yon jij pou bay yon Lòd sezi anba Règ VIII Inifòm Tribinal Premye Enstans sou Pwosedi pou Sezi. Si ou gen rezon
valab, ou ka mande yon jij pou bloke lòt enfòmasyon ki nan pwosè a pou pa kite piblik fè enspeksyon ladan yo. Ou dwe eksplike pou kisa
gen yon rezon valab pou yon jij fè sa. Anjeneral, yon preferans jeneral pou enfòmasyon prive pa sèlman yon rezon ki ase pou yon jij sezi
dosye tribinal pou pa kite piblik la fè enspeksyon ladan. Si ou mande yon Lòd pou sezi enfòmasyon yo san preyavi pou akize a ak nenpòt lòt
moun ki enterese, ou dwe eksplike pou kisa chòk imedyat ak ireparab la ka lakòz sa.
1. Dapre Règ VIII Inifòm Tribinal Premye Enstans, mwen mande Tribinal pou yo egzije:
□ pou adrès kay mwen, adrès travay mwen ak/oswa adrès lekòl mwen ak nimewo telefòn mwen rete an sekrè yon
fason pou yo pa divilge yo bay moun ki ta gen aksè ladan yo nan pwosesis responsablite yo.
□ pou enfòmasyon sa yo ki nan dosye a rete an sekrè epi pa disponib pou enspeksyon piblik:
Mwen mande tou pou Tribinal la egzije pou kenbe enfòmasyon yo an sekrè san preyavi akize a ak nenpòt lòt moun ki
enterese, paske ka gen chòk imedyat ak ireparab.
.
2. Demann sa a baze sou:
Anba menas pou sanksyon pou fo temwayaj, mwen deklare tout deklarasyon enfòmasyon mwen fè anwo a, ak nan nenpòt lòt paj mwen mete,
se deklarasyon ki vrè.
DAT SIYATI (mwa/jou/ane)
SIYATI MOUN KI FÈ PLENT LAN
Si ou bezwen plis espas, tache lòt paj epi koche kaz sa a:
x
Lòd JIJ LA SOU MOSYON POU KENBE ENFÒMASYON AN SEKRÈ
Mosyon AKSEPTE yon sèl moun ki baze sou demonstrasyon yon rezon valab ak chòk imedyat ak ireparab ki ka genyen
anvan akize a oswa nenpòt lòt moun ki enterese ka tande opozisyon an.
□ Mosyon AKSEPTE ki baze sou yon demonstrasyon rezon valab, apre odyans lan avèk preyavi akize a ak nenpòt
lòt moun ki konsène.
□ Mosyon REFIZE.
DAT SIYATI (mwa/jou/ane)
FA/HA-8 (5/10) Motion for Impoundment & Affidavit – Haitian Creole (06/14)
SIYATI JIJ LA
x
This form is for your reference only. Do not submitto the court. Fòmsa a lasèlmanpou referans. Pa remèt li nan tribunal la.EKSTRÈ NAN RÈG VIII TRIBINAL PREMYE ENSTANS
Pwosedi Règ Inifòm POU Kenbe Enfòmasyon an Sekrè
Règ 1. Limit Règ yo ak Fason yo Aplike. Règ sa yo detèmine fason pou yo kenbe enfòmasyon an sekrè nan pwosedi sivil nan chak Depatman
Tribinal Premye Enstans. Jan nou itilize li nan dokiman sa a, “fason pou kenbe enfòmasyon an sekrè” vle di aksyon pou kenbe kèk oswa tout papye,
dokiman, oswa dokiman siplemantè oswa kèk pòsyon ladan yo, nan pwosè apa epi pou pa mete yo disponib pou enspeksyon piblik la. Nou dwe kwè li
nesesè pou ajoute aksyon pou kenbe rejis, endis, ak lòt dosye yo san nou pa mete yo disponib pou enspeksyon piblik la.
Sof jan sa endike nan Règ 11, règ sa yo pa dwe aplike nan papye tribinal, dokiman, dokiman siplemantè, rejis, endis, ak lòt dosye ki obligatwa pou
kenbe an sekrè dapre lalwa, règ tribinal, oswa lòd ki poko egzekite.
Règ 2. Mosyon pou Kenbe Enfòmasyon an Sekrè. Yon demann pou kenbe enfòmasyon an sekrè dwe fèt nan mosyon alekri ki dwe endike rezon
pou sa epi li dwe gen ladan yon deklarasyon alekri pou rezon ki sipòte demann lan. Mosyon an dwe dekri avèk patikilarite dokiman yo vle kenbe an sekrè
yo ak peryòd tan yo vle kenbe yo an sekrè.
Yon mosyon pou kenbe enfòmasyon yo an sekrè dwe vini ansnam avèk deklarasyon sou sèman ki sipòte li. Anjeneral, sof si yo bay lòt enstriksyon,
règ ki detèmine mosyon ak deklarasyon sou sèman yo nan pwosedi sivil yo dwe aplike pou demann pou kenbe enfòmasyon yo an sekrè.
Ou ka mande yon lòd pou kenbe enfòmasyon an sekrè anvan ou depoze dokiman ou vle pou yo kenbe an sekrè yo.
Règ 4. Demann yon Sèl Pati pou Kenbe Enfòmasyon an Sekrè. Tribinal la ka akòde lòd yon sèl moun pou kenbe enfòmasyon yo an sekrè san
preyavi sèlman avèk mosyon alekri ki sipòte avèk deklarasyon sou sèman nan mannyè ki endike nan Règ 2 ak sèlman depi ou montre ka gen chòk
imedyat ak ireparab anvan yon moun oswa yon twazyèm moun ki enterese kapab tande nan opozisyon. Yon lòd yon sèl pati pou kenbe enfòmasyon an
sekrè dwe ekspire lè li fini avèk tan apre antre a, ki pa depase dis (10) jou, jan tribinal la fikse sa, sof nan tan ki fikse a, tribinal la ap pwolonje lòd la.
Si tribinal la akòde yon lòd pou kenbe enfòmasyon an sekrè san preyavi, afè a dwe fikse pou odyans nan premye moman ki posib, oswa nan nenpòt
odyans nan dis (10) jou. Nan preyavi de (2) jou yo bay moun ki te jwenn lòd pou kenbe enfòmasyon an sekrè san preyavi oswa sou yon preyavi ki kout jan
tribinal la ka deside, yon moun oswa yon twazyèm moun ki enterese ka mande modifikasyon oswa sispansyon.
Ou ka mande yon lòd yon sèl moun pou kenbe enfòmasyon an sekrè anvan ou depoze dokiman ou vle pou yo kenbe an sekrè yo.
Règ 4. Preyavi. Sèvis mosyon an pou kenbe enfòmasyon an sekrè ak deklarasyon sou sèman dwe fèt bay tout moun dapre Règ Pwosedi Sivil
Massachusetts.
Anvan odyans lan, tribinal la ka egzije pou yo bay preyavi pou twazyèm moun ki enterese yo ki ka pa moun ki nan aksyon an, tankou moun ki
endike nan dokiman ou vle pou yo kenbe an sekrè a. Ou dwe bay twazyèm moun ki enterese yo preyavi nan mannyè jan tribinal la ka egzije.
Règ 5. Opozisyon pou Demann pou Kenbe Enfòmasyon an Sekrè. Nenpòt moun oswa twazyèm moun ki enterese ki te resevwa avi a dapre
Règ 4 règ sa yo ka bay deklarasyon sou sèman ki opoze nan egzakteman yon jou anvan odyans lan, sof si tribinal la bay pèmisyon pou yo bay
deklarasyon an yon lòt lè.
Règ 6. Mosyon Moun Endepandan pou yo Tande. Yon moun ki pa t resevwa avi dapre Règ 4 règ sa yo epi ki vle pou yo tande yo pou li kapab
mande oswa opoze demann pou kenbe enfòmasyon an sekrè ka bay tout moun yo yon mosyon alekri ki sipòte avèk deklarasyon sou sèman an.
Règ 7. Odyans. Tribinal la ka bay yon lòd pou kenbe enfòmasyon an sekrè, apre odyans lan, pou rezon valab ki endike epi dapre lwa ki anvigè. Lè
tribinal la ap detèmine rezon valab, tribinal la dwe konsidere tout faktè enpòtan yo, tankou, men pa sèlman, kalite moun yo ak polemik, kalite enfòmasyon
ak enterè ki konsène pou enfòmasyon prive, limit enterè kominote a, ak rezon (yo) pou demann lan. Akò tout moun oswa twazyèm moun ki enterese yo
anfavè demann pou kenbe enfòmasyon an sekrè pa dwe ase sèlman pou reprezante rezon valab.
Kote yon odyans piblik ka riske divilgasyon enfòmasyon y ap chèche kenbe an sekrè yo, tribinal la ka fèmen odyans lan pou piblik la. Si yon odyans
fèmen pou piblik la, yo dwe konsève yon dosye pwosedi a nan estenografi oswa nan yon aparèy anrejistreman. Yo dwe fè etap apwopriye pou konsève
sekrè dosye a.
Règ 8. Lòd pou Kenbe Enfòmasyon an Sekrè. Yon lòd pou kenbe enfòmasyon an sekrè, kit se yon sèl moun oswa apre avi, ka fèt sèlman sou
rezilta alekri. Yon lòd pou kenbe enfòmasyon an sekrè dwe endike sitou ki dokiman yo dwe kenbe an sekrè, epi, kote li apwopriye, ka endike kijan pou yo
aplike fason pou kenbe enfòmasyon yo an sekrè. Yo dwe apwouve yon lòd pou kenbe enfòmasyon an sekrè avèk dat yo bay lòd la, epi lòd la dwe endike
dire a.
Nan lòd tribinal la bay la, tribinal la ka kite moun ki pa moun ki dekri nan Règ 9 règ sa yo gen aksè nan enfòmasyon yo kenbe an sekrè yo, epi
tribinal la ka egzije pou yo efase oswa note sa ki apwopriye nan rejis sivil la ak endis grefye a konsève yo.
Règ 9. Responsablite Grefye a. Lè gen yon lòd pou kenbe enfòmasyon an sekrè, grefye a dwe mete yon nòt nan rejis sivil la pou endike ki
dokiman yo dwe kenbe an sekrè. Yo dwe kenbe tout dokiman sekrè yo apa avèk lòt papye ki nan pwosè a epi dokiman sa yo pa dwe disponib pou
enspeksyon piblik la. Dokiman yo kenbe an sekrè yo dwe disponib pou tribinal la, avoka dosye a, moun ki nan pwosè a, ak grefye a, sof sitribinal la bay lòt
endikasyon.
Règ 10. Modifikasyon oswa Sispansyon. Yon moun oswa nenpòt twazyèm moun ki enterese, kit li jwenn anvi kit li pa jwenn avi anba Règ 4 règ
sa yo, ka, dapre mosyon ki sipòte avèk deklarasyon sou sèman an, chèche modifye oswa sispann yon lòd pou kenbe enfòmasyon an sekrè.
Règ 11. Dokiman pou Kenbe an Sekrè Dapre Lalwa oswa Règ. Règ sa a aplike pou demann reparasyon nan kenbe dokiman an sekrè nan
pwosè kote dokiman yo obligatwa pou kenbe yo an sekrè dapre lalwa, règ tribinal, oswa lòd ki poko egzekite, sof kote yo bay yon pwosedi diferan.
Ou ka chèche jwenn reparasyon nan dokiman pou kenbe an sekrè avèk mosyon ki sipòte avèk deklarasyon sou sèman, epi tribinal la ka akòde li
sèlman dapre desizyon alekri. Pwosedi ki endike nan règ sa yo dwe detèmine demann pou reparasyon nan enfòmasyon pou kenbe an sekrè nan limit ki
posib.
Règ 12. Revizyon. Yon lòd pou kenbe enfòmasyon an sekrè oswa pou refize kenbe dokiman an sekrè depann de revizyon yon sèl jij koudapèl
dapre dispozisyon lalwa epi ki annamoni avèk pwosedi ki endike nan Règ 1:15 Règ Tribinal Lajistis Siprèm.
This formis foryour reference only. Donot submit to the court. Fòmsa a lasèlman poureferans.Paremèt li nantribunal la.